¶ Seyè a di Moyiz konsa: -Pale ak pitit Arawon yo, prèt yo. W'a di yo konsa: Lè yon prèt gen yon moun mouri nan fanmi l', piga li patisipe nan ankenn seremoni yo fè pou mò, pou sa pa mete l' nan kondisyon pou l' pa ka fè sèvis Bondye,
TSK
TSK · Numbers 19:16
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
Pandan tout tan l'ap viv apa pou Bondye a, piga li janm pwoche bò yon kadav moun mouri,
¶ Depi yon moun manyen kadav yon moun mouri, pandan sèt jou apre sa, li p'ap nan kondisyon pou l' fè sèvis pou Bondye.
Seyè di ankò: -Lè sa a, m'a bay Gòg yon kote nan peyi Izrayèl la pou yo antere l'. Se va Fon Vwayajè yo, sou bò solèy leve lòt bò lanmè Mouri a. Se la yo pral antere Gòg ansanm ak tout lame li a. Y'a rele l' Fon lame Gòg la.
Va gen yon lavil toupre, y'a rele l': Amona Fon lame a. Se konsa peyi a va nan kondisyon pou fè sèvis pou mwen ankò.
Malè pou nou, nou menm dirèktè lalwa ak farizyen, bann ipokrit! Nou sanble tonm yo blanchi nan simityè. Deyò yo parèt byen bèl, anndan yo plen ak zosman mò ak tout kalite vye bagay pouri.