M'ap ba ou anpil pitit pitit. Y'a tounen yon gwo nasyon. m'a beni ou. Y'a nonmen non ou toupatou; w'a sèvi yon benediksyon pou tout moun.
TSK
TSK · Numbers 22:12
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
Yon sèl bagay, nou mèt dòmi isit la aswè a, pou m' ka konnen si Seyè a gen lòt bagay li vle di m' ankò.
¶ Balak di Balaram konsa: -Ann al avè m' yon lòt kote. Antan ou va la, ou p'ap wè tout pèp Izrayèl la, men sèlman yon pòsyon ladan l'. W'a rete kanpe la, epi w'a bay ti sa w'a wè a madichon pou mwen.
Pa gen wanga ki ka pran sou moun Jakòb yo. Pa gen maji ki ka fè moun Izrayèl yo anyen. Lè lè a va rive, y'a di moun Jakòb yo ak moun Izrayèl yo: Gade sa Seyè a fè pou nou!
Bondye ap beni nou plis pase tout lòt pèp yo. p'ap gen yon moun nan mitan nou, fanm kou gason, ki p'ap ka fè pitit. Konsa tou, p'ap gen yonn nan bèt nou yo, ni mal ni fenmèl, ki p'ap ka fè pitit.
Seyè a va beni nou nan tou sa n'ap fè, depi nan mete men jouk nou bout.
Azarya, granprèt la, moun fanmi Zadòk yo, di l' konsa: -Depi lè pèp la konmanse ap pote ofrann nan Tanp lan, gen kont manje pou moun manje. Lèfini, rete yon bon kantite, paske Seyè a beni pèp li a. Sa ki rete la a, se sa ki te anplis la.
Ala bon sa bon lè sa mache konsa pou pèp la! Ala bon sa bon pou yon pèp ki gen Seyè a pou Bondye li!
Nan tout peyi, y'a nonmen non yo. Pitit pitit yo va gen bon non nan mitan lòt pèp yo. Tout moun ki va wè yo va konnen se yon ras moun mwenmenm menm, Seyè a, mwen beni.
Antan Pilat te chita sou fotèy jij li nan tribinal la, madanm li voye di li: Nonm sa a inonsan tande. Pa mele nan zafè sa a. Paske yèswa, mwen soufri anpil poutèt li nan dòmi.
Sa Bondye fè kado, li bay li nèt; li p'ap chanje lide lè l' fin rele yon moun.