Numbers 23:1
TSK
¶ Balaram di Balak konsa: -Bati sèt lotèl isit la pou mwen. Apre sa, ban mwen sèt towo bèf ak sèt belye mouton.
TSK
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
¶ Balaram di Balak konsa: -Bati sèt lotèl isit la pou mwen. Apre sa, ban mwen sèt towo bèf ak sèt belye mouton.
Moute sou tèt mòn Pisga a. Antan ou la, w'a voye je ou, w'a gade sou bò nò, sou bò sid, sou bò solèy kouche ak sou bò solèy leve. Louvri je ou. Gade byen, paske ou p'ap janm mete pwent pye ou lòt bò larivyè Jouden an.
¶ Moyiz kite plenn Moab yo, li moute sou mòn Nebo a, sou tèt mòn Pisga a ki anfas lavil Jeriko a. Antan li la, Seyè a fè l' wè tout peyi a, depi zòn Galarad la rive jouk pòsyon tè ki pou Dann lan,
Gen moun ki pran lò nan pòch yo, yo peze ajan nan balans, yo peye yon òfèv pou fè yon bondye pou yo. Lèfini, yo mete ajenou devan l', yo adore l'.