TSK

TSK · Numbers 24:1

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Nan denmen maten, byen bonè, Balaram leve, l' al jwenn moun Balak te voye yo, li di yo: -Tounen lakay nou, paske Seyè a pa vle kite m' ale ak nou.

Balaram di Balak konsa: -Rete kanpe bò kote ofrann ou mete boule sou lotèl yo. Mwen menm, mwen pral kontre ak Bondye pi devan.

Pa gen wanga ki ka pran sou moun Jakòb yo. Pa gen maji ki ka fè moun Izrayèl yo anyen. Lè lè a va rive, y'a di moun Jakòb yo ak moun Izrayèl yo: Gade sa Seyè a fè pou nou!

Se yo menm ki te swiv konsèy Balaram yo, se yo ki te lakòz moun pèp Izrayèl yo te vire do bay Bondye nan zafè Baal-Peyò a, kifè gwo malè nou konnen an te tonbe sou pèp Izrayèl la.

Sayil pati lamenm avèk twamil sòlda nan pi bon sòlda peyi Izrayèl la. Li desann nan dezè Zif la al dèyè David.

Men, men repwòch mwen gen pou m' fè ou: ou gen kèk moun lakay ou k'ap swiv konsèy Balaram te bay lè li te moutre Balak sa pou l' te fè pou fè pitit Izrayèl yo tonbe nan peche, pou l' te fè yo manje viann bèt yo te ofri pou touye bay zidòl, pou l' te fè yo lage kò yo nan imoralite.