TSK

TSK · Numbers 26:5

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Antan Jakòb t'ap viv nan peyi sa a, Woubenn al kouche ak Bila, yonn nan fanm papa l' yo. Izrayèl vin konn sa, li te fache anpil. Jakòb te gen douz pitit gason.

Men non pitit Izrayèl yo ansanm ak pitit pitit yo ki te desann nan peyi Lejip: Jakòb ak pitit gason l' yo. Premye gason an te rele Woubenn.

¶ Men non chèf fanmi pèp Izrayèl yo: Woubenn, premye pitit Izrayèl la. Se li ki papa Enòk, Palou, Ezwon ak Kami. Se tout fanmi Woubenn lan sa.

¶ Men moun branch fanmi Woubenn, premye pitit Izrayèl la. Se Woubenn ki te premye pitit gason, men li te pèdi dwa premye pitit li paske li te kouche ak yonn nan madanm papa l' yo. Se pitit Jozèf yo, yon lòt pitit Izrayèl, yo te bay dwa premye pitit la. Tansèlman, yo pa t' pote non Jozèf la sou rejis tankou premye pitit.