Se mwen menm Seyè a ki di sa: Mwen fè sèman se konsa mwen pral aji ak bann moun sa yo ki mete tèt yo ansanm sou do m'. Yo tout gen pou yo disparèt nan dezè sa a. Wi, se la menm yo tout ap mouri.
TSK
TSK · Numbers 27:3
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
Yo revòlte kont Moyiz. Te gen desansenkant lòt moun nan pèp Izrayèl la avèk yo. Mesye sa yo, se te chèf pèp la menm te chwazi, moun ki te fè pati konsèy pèp la, chèf moun yo te konsidere anpil.
Li vale yo, yo menm, tout fanmi yo ansanm ak tout moun ki te pran pozisyon pou Kore, ak tou sa ki te pou yo.
Eliyab te papa Nemwèl, Datan ak Abiram. Se Datan ak Abiram sa yo, de nèg moun yo te konsidere anpil, ki te revòlte kont Moyiz ak Arawon. Yo te fè pati bann moun Kore yo ki te revòlte kont Seyè a.
Pami yo pa t' gen yonn menm nan sa Moyiz ak Arawon te konte lè yo t'ap fè premye resansman pèp Izrayèl la nan dezè Sinayi a.
Lavi tout moun, papa, manman kou pitit, se pou mwen yo ye. Moun ki fè peche a, se li menm k'ap mouri.
Se poutèt sa mwen di nou, n'ap mouri nan peche nou. Wi, nou gen pou n' mouri nan peche nou si nou pa kwè mwen se moun mwen ye a.
Se sak fè, menm jan peche a te bay lanmò lè l' te donminen sou nou, konsa tou lè se favè Bondye a ki donminen sou nou, li fè moun gras, li ba yo lavi ki pa janm fini an, gremesi Jezikri, Seyè nou an.