TSK

TSK · Numbers 3:15

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

¶ Men yo pa t' fè resansman branch fanmi Levi a ansanm ak lòt branch fanmi yo,

Lè yo konte tout gason yo, depi sa ki gen yon mwa depi yo fèt jouk sa ki pi gran yo, yo jwenn witmil sisan gason. Se yo ki te reskonsab kote ki apa nèt pou Seyè a nan kay Bondye a.

Lè Moyiz ak Arawon te fè resansman moun fanmi Levi yo, chak fanmi apa, dapre lòd Seyè a te bay yo a, yo jwenn antou venndemil gason, depi sa ki te gen yon mwa depi yo te fèt jouk sa ki pi gran yo.

Li konte tout premye pitit gason yo, depi sa ki te gen yon mwa jouk sa ki pi gran yo. Li jwenn venndemil desanswasanntrèz.

¶ Men, nan branch fanmi Levi a, men moun yo te konte dapre fanmi yo. Te gen fanmi Gèchon an, fanmi Keyat la ak fanmi Merari a.

Prèt yo te enskri dapre fanmi yo. Men moun Levi yo, depi sa ki gen ventan pou pi piti, te enskri dapre travay pou yo fè ak jou pou yo travay.

-Ale non. Men mesaj ou pral bay nan zòrèy tout moun lavil Jerizalèm. Men sa Seyè a di: Mwen chonje jan ou te ye nan tan lontan, jan ou t'ap mouri pou mwen lè ou te jenn, jan ou te renmen m' lè nou te fèk marye. Ou te swiv mwen nan dezè a, kote anyen pa pouse.

Lè Jezi wè sa, li pa t' kontan menm. Li di disip yo: -Kite timoun yo vin jwenn mwen non. Pa anpeche yo vini, paske Peyi kote Bondye Wa a, se pou tout moun ki tankou timoun sa yo.