TSK

TSK · Numbers 3:17

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Apre li vin Levi. Men non pitit Levi yo ak tout pitit yo: Gèchon, Keyat ak Merari. Levi te viv santrannsetan.

Lè n'ap fè ofrann pou yo boule nèt pou Seyè a, n'a ofri de boutèy ka plen diven pou chak ti mouton n'ap ofri.

¶ Lè sa a, Balaram te fin konprann se yon sèl bagay Seyè a te vle, se beni pou li beni pèp Izrayèl la. Se poutèt sa, li pa fè tankou lòt fwa yo. Li pa al chache konnen sa Seyè a te vle fè l' konnen an. Men, li bay fas li sou dezè a.

¶ Chèf fanmi Levi yo vin jwenn Eleaza, prèt la, Jozye, pitit gason Noun lan, ak chèf tout lòt branch fanmi pèp Izrayèl la.

¶ Tout moun ki te chèf pèp la te rete lavil Jerizalèm. Men pou rès pèp la, yo tire osò pou yo chwazi yon fanmi sou chak dis fanmi pou al viv nan lavil Bondye a, Jerizalèm. Tout rès yo va rete nan lòt lavil yo.