TSK

TSK · Numbers 32:20

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

-Chonje lòd Moyiz, sèvitè Seyè a, te ban nou lè li te di nou: Seyè a, Bondye nou an, ap ban nou tè bò isit la pou nou tabli, pou nou viv ak kè poze.

Premye moun ki te janbe lòt bòt larivyè a, devan tout pèp la se te gason branch fanmi Woubenn yo, gason branch fanmi Gad yo ak mwatye nan gason branch fanmi Manase yo, jan Moyiz te di yo a. Yo te tou pare pou fè lagè.

Se konsa, moun branch fanmi Woubenn yo, moun branch fanmi Gad yo ak mwatye moun nan branch fanmi Manase yo tounen tounen yo lakay yo. Yo kite rès pèp Izrayèl la lavil Silo nan peyi Kanaran, y' al nan peyi Galarad, nan peyi yo te ba yo a, dapre lòd Seyè a te bay Moyiz pou yo.