Se konsa yo mete kèk chèf sou pèp Izrayèl la pou kraze kouraj yo, pou fè yo fè kòve travo fòse san pran souf. Moun pèp Izrayèl yo bati lavil Piton ak Ranmsès pou farawon an. Se nan lavil sa yo yo te fè depo manje.
TSK
TSK · Numbers 33:3
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
Exodus 1:11
TSK
Exodus 12:37
TSK
¶ Moun pèp Izrayèl yo pati kite Ranmsès pou Soukòt. Te gen sisanmil moun konsa, san konte fanm ak timoun. Yo tout te apye.
Exodus 14:8
TSK
Seyè a te fèmen kè farawon an, wa Lejip la. Farawon an pran rapouswiv moun pèp Izrayèl yo ki te soti kite peyi a devan je tout moun san pesonn pa t' di yo anyen.
Isaiah 52:12
TSK
Fwa sa a, nou pa bezwen prese kouri ale. Nou p'ap fè tankou moun k'ap kouri chape poul yo. Paske Seyè a, Bondye nou an, ap pran devan nou. Se li menm tou, Bondye pèp Izrayèl la, k'ap mache dèyè pou pwoteje nou.