Menm lè sa a tou, mwen ba yo lòd sa yo: Seyè a, Bondye nou an, te ban nou peyi sa a pou nou rete! Koulye a, se pou tout gason ki gen laj pou fè lagè pran zam yo. Se pou yo janbe lòt bò larivyè Jouden an pran devan moun lòt branch fanmi nou yo.
TSK
TSK · Numbers 33:53
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
Lè Bondye ki anwo nan syèl la t'ap bay chak nasyon pòsyon ki pou yo, lè li t'ap bay kote pou chak moun rete sou latè, li fikse fwontyè tout peyi dapre kantite moun li te mete sou latè.
¶ Se konsa, Seyè a te bay pèp Izrayèl la peyi li te pwomèt li t'ap bay zansèt yo a. Yo pran tout peyi a pou yo, yo rete ladan l'.
¶ Se yon sòm David. Se pou Seyè a tè a ye ansanm ak tou sa ki sou li. Se pou Seyè a lemonn antye ansanm ak tou sa k'ap viv ladan l'.
-Se mwen menm avèk gwo kouraj mwen epi ak fòs ponyèt mwen ki fè latè ansanm ak tout moun ak tout bèt k'ap viv sou latè. Mwen pran yo bay moun mwen vle.
Yo pral voye ou byen lwen pou ou pa mache sou moun. Ou pral rete ak bèt nan bwa pandan sètan. Ou pral manje zèb tankou bèf, ou pral dòmi deyò pou lawouze bat ou. Apre sa, w'a rekonèt se Bondye nan syèl la ki kontwole tout chèf sou latè. Se li menm ki bay moun li vle dwa pou yo gouvènen.
Eske m' pa gen dwa fè sa m' vle ak lajan mwen? Osinon, èske sa fè ou mal si m' gen bon kè?