TSK

TSK · Numbers 4:5

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

¶ W'a fè yon rido ak bon twal koulè ble, violèt ak wouj ansanm ak twal fen blan tise byen sere. y'a bwode bèl pòtre zanj cheriben byen fèt sou tout rido a.

¶ Bezaleyèl te fè Bwat Kontra a an bwa zakasya. Bwat la te mezire twa pye nèf pous longè, de pye twa pous lajè ak de pye twa pous wotè.

Konsa, anba làbanyè Woubenn lan te gen twa divizyon. Sa te fè antou sansenkanteyenmil katsansenkant gason. Se toujou yo menm ki pou mache an dezyèm pozisyon lè y'ap deplase.

Lè lè a va rive pou pèp la leve lamach, lè Arawon ak pitit gason l' yo va fin kouvri tout mèb ki nan kote ki apa nèt pou Seyè a, ansanm ak tout bagay ki mache ak yo a, se lè sa a gason moun Keyat yo va vin pran mèb yo pou pote yo. Moun Keyat yo pa gen dwa manyen bagay yo mete apa nèt pou Seyè a. Si yo fè sa, y'ap mouri. Se tout reskonsablite moun Keyat yo sa, lè y'ap deplase Tant Randevou a.

Li leve, li pati pou Balat nan peyi Jida ansanm ak tout sòlda ki te avè l' yo. Li tapral chache Bwat Kontra Bondye a, bwat ki pote non Seyè ki gen tout pouvwa a, Seyè ki gen fotèy li anwo zanj cheriben yo.

Menm lè a, rido ki te nan tanp lan chire an de moso, depi anwo jouk anba. Tè a tranble. Wòch yo fann.

Kris la louvri yon chemen nèf pou nou, yon chemen k'ap ban nou lavi, yon chemen ki pase nan mitan vwal la, sa vle di: nan kò l' menm.