TSK

TSK · Numbers 7:1

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Li beni setyèm jou a, li mete l' apa pou li, paske se jou sa a li te sispann travay apre li te fin kreye tout sa l' t'ap kreye a.

Chak jou, w'a ofri yon towo bèf, w'a touye l' pou mande Bondye padon pou peche yo fè san yo pa konnen. Avèk ofrann bèt sa a w'ap fè pou peche a, w'a mete lòtèl la nan kondisyon pou l' sèvi nan sèvis Bondye. Lèfini, w'a vide lwil sou li, w'a mete l' apa pou sèvis Bondye.

Se konsa w'a mete tout bagay sa yo apa pou mwen pou yo ka pou mwen ase. Tout bagay ki va touche ak yo va apa pou mwen tou.

W'a voye lwil la tou sou basen lan ak sou pye l' a. Se konsa w'a mete yo apa pou mwen.

Apre sa, Moyiz pran lwil pou mete moun apa pou Bondye a, li voye l' sou kay Bondye a ak sou tout bagay ki ladan l'. Se konsa, li te mete yo apa pou sèvis Seyè a.

Men ofrann tout chèf yo te pote pou lotèl la, jou yo t'ap vide lwil sou li pou mete l' apa pou sèvis Bondye a: douz bòl an ajan, douz plat an ajan, douz kiyè an lò.

-Pale ak moun pèp Izrayèl yo. Di yo pou yo pote douz branch bwa, yon branch bwa pou chak branch fanmi pèp Izrayèl la. Wi, y'a pran yon branch bwa nan men chèf chak branch fanmi. Epi w'a ekri non chak chèf sou branch bwa pa yo.

Bann je pete! Kisa ki pi konsekan: ofrann lan osinon lòtèl la kote yo mete ofrann lan apa pou Bondye?