TSK

TSK · Obadiah 1:15

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Lè sa a, Adonibezèk di: -Mwen te koupe dwèt gwopous ak gwo tèt zòtèy pye swasanndis wa. Yo te konn ranmase kras manje ki tonbe anba tab mwen. Jòdi a, Bondye fè m' sa m' te fè yo a. Yo mennen msye lavil Jerizalèm. Se la li mouri.

¶ Seyè a kanpe sou bò dwat ou. Lè l' ankòlè l'ap krabinen wa yo.

Mechanste mechan yo se yon pèlen pou pwòp tèt yo. Sa yo pare pou lòt moun, se yo menm li rive.

¶ Seyè a di ankò: -Men sa Seyè a di sou move vwazen pèp li a ki leve men yo sou peyi li te bay pèp Izrayèl la pou rele l' pa l' la: Mwen pral rache yo soti nan peyi yo a, tankou pyebwa y'ap derasinen. M'a wete moun peyi Jida yo nan mitan yo.

Men sa Seyè a di ankò: -Ata moun ki pa merite pou m' pini yo pral gen pou yo bwè gode chatiman an nèt ale. Se nou menm atò pou yo pa ta pini! Non. Yo p'ap pini nou? Se pou nou bwè nan gode chatiman an tou.

¶ Nou menm, moun peyi Edon ki rete lavil Ouz, nou mèt fè kè nou kontan, nou mèt fè fèt! Tou pa nou dèyè, tande! Jou sa a, nou pral titibe toutouni nan tout lari.

menm jan nou te kontan wè peyi moun Izrayèl yo, peyi moun ki rele m' pa m' yo, tounen yon dezè. Tout mòn Seyi yo, wi, tout peyi Edon an, pral tounen dezè. Lè sa a, tout moun va konnen se mwen menm ki Seyè a.

Joel 3:7 TSK

Koulye a, mwen pral fè yo soti kote nou te vann yo a. Mwen pral fè nou sa nou te fè yo a.

Lè sa a, m'ap fache, m'ap fè gwo kòlè, m'ap pran revanj mwen sou tout nasyon ki pa t' obeyi m' yo.

Sòlda peyi Jida yo pral goumen tou pou defann lavil Jerizalèm, yo pral ranmase dènye richès moun lòt nasyon ki sou fwontyè yo: lò, ajan ak rad an kantite.

Paske, lè Bondye ap jije, l'ap san pitye pou moun ki te san pitye. Men, moun ki gen pitye pou lòt va soti tèt dwat lè jou jijman an.