Li te di l' konsa: Lè la fin delivre nou anba lènmi nou yo, la fè nou sèvi l' san nou p'ap bezwen pè.
TSK
TSK · Philippians 1:14
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
¶ Lage yo lage yo, Pyè ak Jan al jwenn gwoup zanmi yo, yo rakonte yo tou sa chèf prèt yo ak ansyen yo te di.
Se sak fè, mwen mande nou pou nou pa dekouraje poutèt soufrans m'ap sibi pou nou yo, paske se yon bèl avantaj sa ye pou nou.
¶ Se tou nòmal pou m' fè lide konsa sou nou, paske nou toujou nan lespri m', nou tout ki kanpe la avè m' nan tout favè Bondye fè m', kit lè mwen nan prizon tankou koulye a, kit lè mwen te lib pou m' defann bon nouvèl la, pou m' moutre se laverite li ye.
Lapriyè pou m' ka rive fè lèzòm wè l' aklè, pou m' ka pale jan mwen dwe pale a.
Mwen te fenk soti lavil Filip kote yo te maltrete m' anpil, kote yo te joure m' lan. Men, Bondye ban m' fòs ak kouraj pou m' te ka anonse nou bon nouvèl ki soti nan li a, malgre tout opozisyon mwen te jwenn.