pa gen yonn ladan yo ki ka bay senk kòb pou delivre frè yo, ni ki ka peye Bondye pou l' delivre yo.
TSK
TSK · Philippians 3:11
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
Men, fanm ak gason ki merite pou yo leve soti vivan nan lanmò pou yo ka patisipe nan lavi k'ap vini an, moun sa yo pa nan marye ankò.
¶ Pòl konnen te gen sadiseyen yon bò ak farizyen yon lòt bò nan Gran Konsèy la. Se poutèt sa li pran pale byen fò devan yo, li di: Frè m' yo, se yon farizyen mwen ye, pitit pitit farizyen. Se paske mwen gen espwa mò yo gen pou yo leve vivan ankò ki fè yo rele m' an jijman devan nou.
¶ Pò a pa t' bon pou yo te rete pase sezon fredi a tou: se poutèt sa pifò moun ki te abò a te vle pati. Yo t'ap pran chans rive Finiks, yon lòt pò nan lil Krèt la ki bay sou lanmè nan direksyon siwa nòwa. Konsa, yo ta ka pase sezon fredi a la.
Avèk moun ki fèb nan konfyans yo, m'ap viv tankou si mwen menm tou mwen te fèb, pou m' sa mennen yo vini. Konsa konsa, mwen fè m' tout jan ak tout moun pou m' ka sove kèk nan yo pa tout mwayen posib.
Men, mwen pè pou lespri nou pa pèvèti, pou nou pa manke Kris la pawòl, pou nou pa tonbe nan dezòd tankou Ev ki te kite sèpan an vire lòlòj li ak riz li yo.
¶ Pa kite pesonn twonpe nou nan ankenn jan. Paske, anvan jou sa a rive, gen yon dènye revòlt kont Bondye ki pou fèt. Nou gen pou nou wè mechan ki deja kondannen pou disparèt la vini anvan.
(Lòt mò yo pa t' leve soti vivan nan lanmò toutotan mil an pa pase.) Se sa yo rele premie leve vivan soti nan lanmò a.