Lè Achitofèl wè yo pa t' soti pou swiv konsèy li te bay la, li sele bourik li, li tounen lakay li nan peyi l'. Lè li fin regle tout zafè l', li pann tèt li. Se konsa li mouri. Apre sa, yo antere l' nan kavo papa l'.
TSK
TSK · Proverbs 11:5
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
Li te konn mache byen enganm, koulye a se ti pa ti pa, l'ap bite. Se plan li t'ap fè yo ki lakòz sa rive l'.
Se konsa moun sa yo pran nan pèlen yo menm yo pare a. Yo tonbe nan pyèj yo mete a, yo mouri.
Toujou chonje Seyè a nan tou sa w'ap fè. Li menm, l'a moutre ou chemen pou ou pran.
¶ Moun k'ap mache dwat yo konnen sa pou yo fè, paske se moun serye yo ye. Men, moun k'ap mache bay moun koutba, yo gen pou yo fini mal, paske se bakonyè yo ye.
¶ Mechanste mechan an, se sa k'ap jete l' atè. Men, moun ki fè sa ki byen, y'ap pwoteje l' menm lè lavi l' an danje.
¶ Malè p'ap rive moun k'ap mennen yon lavi san repwòch. Men, moun ki pa serye, k'ap mache pye gaye, y'ap rete konsa, y'ap tonbe.
Sa pèp Izrayèl la ap fè nan awogans li, se sa k'ap lakòz yo kondannen l'. Avèk peche moun Izrayèl ak moun Efrayim yo ap plede fè yo, y'ap bite, y'ap tonbe. Menm moun peyi Jida yo ap bite ansanm ak yo tou.