TSK

TSK · Proverbs 19:11

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

¶ Lè yon moun san konprann ankòlè, tout moun wè sa lamenm. Men, yon moun veyatif, lè ou fè l' malonèt, li fè tankou li pa konprann.

¶ Yon moun ki gen san wo toujou ap pouse dife. Men, moun ki pa fè kòlè fasil toujou ap mete lapè.

¶ Lè yon kont pete, se tankou dlo ki kase dig kannal. Anvan batay mete pye, chape kò ou.

¶ Pa janm di se ou ki pou vanje tèt ou. Mete konfyans ou nan Seyè a, l'a delivre ou.

Men mwen menm, men sa m'ap di nou: renmen tout lènmi nou yo, lapriyè pou moun k'ap pèsekite nou.

Fè tou sa nou kapab pou nou viv byen ak tout moun mezi nou wè nou ka fè li.

¶ Nou tout nou fè pati pèp Bondye a: se li menm ki te renmen nou, ki te chwazi nou pou n' ka viv pou li. Se poutèt sa, se pou nou gen kè sansib anpil, pou n' aji byen yonn ak lòt, san lògèy, avèk anpil dousè, anpil pasyans.