TSK

TSK · Proverbs 23:21

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Epi y'a di yo: Men pitit gason nou an. Nou mennen l' ban nou paske li radi, l'ap fè wondonmon, li pa vle koute lè n'ap pale avè l'. L'ap gaspiye tout lajan nou nan bweson, li nan tout kalite vis.

¶ Moun ki parese nan travay li se menmman parèyman ak moun k'ap defèt sa k'ap fèt.

¶ Lè ou renmen plezi, w'ap toujou pòv. Lè ou renmen bon bweson ak bon manje, ou p'ap janm gen lajan.

Lè yon moun twò parese pou l' repare kay li, twati a ap koule, fetay la ap tonbe.

Joel 1:5 TSK

Leve non, bann gwògè! Kriye non! Nou menm ki renmen bweson, pete rele! Paske pa gen rezen pou fè diven nivo pou nou ankò.

moun k'ap vòlò, moun ki gen lanvi plen kè yo, tafyatè, moun k'ap pale moun mal, piyajè, yo yonn p'ap resevwa anyen nan peyi kote Bondye wa a.

Moun sa yo ap rive fin detwi tèt yo. Se vant yo ki bondye yo. Yo pran plezi yo nan bagay ki pou ta fè yo wont pito. Se bagay lemonn ase ki nan tèt yo.