TSK

TSK · Proverbs 24:29

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Lè sa a, twamil gason peyi Jida desann bò twou wòch Etam lan, epi yo di Samson: -Gen lè ou pa konnen se moun Filisti yo ki chèf nan peyi nou an? Poukisa ou fè nou sa? Li reponn yo: -Mwen fè yo menm sa yo te fè m' lan.

¶ Pa janm di se ou ki pou vanje tèt ou. Mete konfyans ou nan Seyè a, l'a delivre ou.

Men mwen menm, men sa m'ap di nou: Pa tire revanj sou moun ki fè nou mal. Si yon moun ba ou yon souflèt sou bò dwat, ba li bò gòch la tou.

Pa kite pesonn rann mal pou mal. Okontrè, toujou chache fè sa ki byen yonn pou lòt ak sa ki byen pou tout moun.