All books in HCV

Psalms 134

HCV · chapter 134

150 chapters

HCV / Psalms / Chapter 134

HCV · chapter 134

1 S e yon chante pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm. Nou tout k'ap sèvi Seyè a, nou tout k'ap pase nwit lakay li ap sèvi l', ann fè lwanj Seyè a!

2 Louvri bra nou nan tanp li, lapriyè, fè lwanj Seyè a!

3 Se pou Seyè a rete sou mòn Siyon pou l' beni ou. Se li menm ki fè syèl la ak latè a.