TSK

TSK · Psalms 138:7

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage
Job 13:15 TSK

Bondye te mèt touye m'. Sèl chans mwen se pou m' esplike avè l'.

Fè moun wè jan ou gen bon kè, ou menm ki delivre moun y'ap pèsekite yo, lè yo vin chache pwoteksyon bò kote ou.

Lè m' te nan tray, yo pwofite atake m'. Men, Seyè a te soutni m'.

¶ Koulye a, mwen konnen Seyè a ap fè moun li chwazi a genyen batay la. Li rete nan syèl la, nan kay ki pou li a, li reponn li. Li fè l' genyen batay la avèk gwo pouvwa li.

¶ Se yon sòm David. Seyè, atake moun ki pa vle wè m' yo, goumen ak moun k'ap fè m' lagè yo.

Se pa t' avèk nepe pèp ou a te pran peyi a, se pa t' fòs ponyèt yo ki te fè yo genyen batay la. Men, se te pouvwa ou ak fòs ponyèt pa ou ki te penmèt yo fè tou sa. Ou te la avèk yo pou ba yo kouraj. Ou te fè tou sa paske ou renmen yo.

¶ Pou chèf sanba yo. Se pou yo chante sou lè chante ki di: Pijon ki sou pye terebent byen lwen yo. Se yon chante David te ekri lè moun Filisti yo te mete men sou li nan lavil Gat. Bondye papa mwen! Gen pitye pou mwen, paske mwen gen anpil moun k'ap pousib mwen. Tout lajounen y'ap fè m' lagè, y'ap toumante mwen.

Delivre nou ak pouvwa ou. Reponn nou lè nou lapriyè nan pye ou, pou moun ou renmen anpil yo ka jwenn delivrans.

Bondye, ou te fè nou pase anba tray pou ou te wè kote nou ye. Wi, menm jan yo pase lò nan dife pou wè si li bon, se konsa ou te fè nou pase anba tray.

Apre sa mwen di: Men sak fè m' pi mal ankò! Gen lè Bondye ki anwo nan syèl la pa menm jan an ankò?

¶ Chonje sa ou te di sèvitè ou la. Se sa ki te ban m' espwa.

¶ Se yon sòm David. Lwanj pou Bondye! Se li ki pwoteksyon mwen, se li ki moutre m' jan pou m' goumen, se li ki pare m' pou m' al nan batay.

Peyi Lasiri sou bò solèy leve, peyi Filisti sou bò solèy kouche, y'ap devore pèp Izrayèl la ak gwo koutdan. Men, se poko sa toujou! Se atò Seyè a move. Li poko fin regle ak yo.

Moun Manase yo ak moun Efrayim yo, yonn ap devore lòt. Lèfini, yo mete tèt ansanm pou atake moun Jida yo. Men, se poko sa toujou! Se atò Seyè a move. Li poko fin regle ak yo!

¶ Nou pa bezwen pè. Mwen la avèk nou! Nou pa bezwen kite anyen ban nou kè sote. Se mwen menm ki Bondye nou. M'ap ban nou fòs, m'ap ede nou. M'ap soutni nou ak fòs ponyèt mwen ki pa janm pèdi batay.

Babilòn, ou tankou yon gwo mòn kote moun k'ap ravaje tout latè a soti. Koulye a, mwen pral regle avè ou. Mwen pral mete men sou ou. M'ap fè ou degrengole desann soti nan tèt wòch yo. M'ap fè mòn lan tounen yon gwo boukan dife.

Acts 2:33 TSK

Bondye fè l' moute nan syèl la vin sou bò dwat li, li resevwa Sentespri Papa a te pwomèt la, li vide l' sou nou. Enben, se sa n'ap wè, se sa n'ap tande koulye a.