TSK

TSK · Psalms 148:4

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

¶ Bondye di ankò. Se pou gen yon vout nan mitan dlo a pou separe dlo a an de.

¶ Jou ki fè Noe sisanzan, yon mwa, disèt jou, tout sous nan fon lanmè a pete. Syèl la menm louvri, li konmanse vide dlo sou tè a.

Men, Bondye, èske ou ka rete tout bon sou latè? Ata syèl la pa laj ase pou l' kenbe ou. Ale wè pou ti kay mwen bati pou ou la a!

Seyè, se ou menm ki sèl mèt. Pa gen lòt. Se ou ki fè syèl la, sa ki anwo syèl la ansanm ak tout sa ki ladan l'. Se ou ki fè tè a ak tou sa ki sou li, lanmè a ak tou sa ki ladan l'. Se ou ki bay tout bagay sa yo lavi. Tout pouvwa nan syèl la bese tèt devan ou pou adore ou.

L'a delivre peyi Siyon. L'a rebati lavil peyi Jida yo. Pèp li va bati kay yo la ankò. Y'a pran tè a pou yo.

Li bese je l' pou l' wè sa k'ap pase nan syèl la ak sou latè a.