TSK

TSK · Psalms 16:4

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Jakòb pran yon gwo wòch, li plante l' pou l' make kote Bondye te pale avèk li a. Li pran diven, li wouze wòch la, apre sa li vide lwil sou li.

N'a ofri ansanm avè l' tou katòz ti mamit farin frans melanje ak lwil oliv pou nou boule nan dife pou Seyè a. Bon sant ofrann lan va fè Seyè a plezi. N'a ofri tou yon boutèy ka diven pou yo vide pou Seyè a.

Mechan yo gen pou yo soufri anpil. Men, Seyè a ap toujou pwoteje moun ki met konfyans yo nan li paske li renmen yo.

Yo ofri pwòp pitit gason ak pwòp pitit fi yo pou touye bay zidòl yo.

¶ Men pou nou menm ki vire do bay Seyè a, nou menm ki bliye mòn ki apa pou mwen an, epi ki al fè sèvis manje pou Gad, ki al fè ofrann bwason pou Mini,

Timoun yo ap ranmase bwa. Mesye yo ap limen dife. Medam yo ap bat farin pou fè gato pou Larenn syèl la. Y'ap ofri diven vide atè pou lòt bondye. Y'ap fè tou sa pou yo fè m' lapenn.

Jonah 2:8 TSK

Moun k'ap sèvi zidòl ki pa vo anyen yo, se moun ki vire do bay Bondye ki bay favè a.

Apre sa, mwen tande yon lòt vwa ki t'ap soti nan sièl la, li t'ap di: Nou menm pèp mwen, wete kò nou nan mitan lavil sa a, pou nou pa patisipe nan peche l' yo, pou nou pa tonbe ansanm avè l' anba kalamite ki pral frape li yo.