TSK

TSK · Psalms 18:49

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Oo! Kilè Bondye va soti sou mòn Siyon an pou l' vin delivre pèp Izrayèl la? Lè Seyè a va fè pèp li a kanpe ankò, pitit pitit Jakòb yo pral fè fèt. Se vre wi, pèp Izrayèl la pral kontan.

Seyè, m'a fè lwanj ou nan mitan pèp yo! M'a chante pou ou nan mitan tout nasyon yo!

¶ Se yon chante David. Mwen pare, Bondye. Mwen pral chante, mwen pral fè lwanj ou ak tout kè mwen.

Tout moun ki sou latè va fè lwanj ou, Seyè, lè y'a vin konnen pawòl ki soti nan bouch ou.

Men, li te vini pou moun lòt nasyon yo tou, pou yo te ka fè lwanj Bondye pou jan li gen kè sansib, jan sa te ekri nan Liv la: Se poutèt sa m'a fè lwanj ou nan mitan lòt nasyon yo. Se poutèt sa m'a chante pou non ou.