Tout mòn Sinayi a te kouvri nèt ak lafimen, paske Seyè a te desann sou li nan mitan yon gwo dife. Lafimen t'ap moute tankou nan yon fou lacho. Tout mòn lan t'ap tranble avèk fòs.
TSK
TSK · Psalms 18:9
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
¶ Pa gen tankou Bondye moun pèp Izrayèl la. Li kouri sou nwaj yo nan syèl la pou l' vin pote yo sekou avèk fòs ponyèt li.
Bondye nou an ap vini. Li p'ap rete ak bouch li fèmen. Devan li gen yon gwo dife k'ap boule tout bagay, l'ap vini nan mitan yon gwo van k'ap fè dega.
Yon dife ap mache devan li. L'ap boule lènmi l' yo tout kote l' pase.
Leve je nou gade syèl la! Voye je gade latè! Syèl la pral disparèt tankou lafimen. Latè pral fini tankou yon vye rad. Moun ki rete sou latè pral mouri tankou mouch. Men, delivrans m'ap ba yo a ap la pou tout tan. Mwen p'ap janm bezwen delivre yo ankò apre sa.
Seyè a rete sou mòn Siyon, l'ap gwonde. Li rete lavil Jerizalèm, l'ap pale byen fò. Syèl la ak latè a ap tranble. Men, se Seyè a k'ap pwoteje pèp li a. Se li k'ap pran defans moun Izrayèl yo.
¶ Vè midi konsa, vin gen yon fènwa sou tout peyi a, jouk twazè nan apremidi.
Nan tan lontan, lè Bondye te pale, tè a te tranble. Men, koulye a, li fè nou pwomès sa a: Yon lòt fwa, se pa latè a ase m'ap fè tranble. M'ap fè syèl la tranble tou.
¶ Apre sa, mwen wè yon gwo fòtèy blan ak moun ki te chita sou li a. Sièl la ak tè a pran kouri devan l', yo disparèt nèt ale.