TSK

TSK · Psalms 19:1

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

¶ Bondye di ankò. Se pou gen yon vout nan mitan dlo a pou separe dlo a an de.

Job 28:27 TSK

se lè sa a li te wè bon konprann, li wè sa li vo. Li egzaminen l' byen egzaminen, li sonde l' byen sonde.

Seyè a pale, epi syèl la fèt. Li soufle ak bouch li, tou sa ki nan syèl la fèt.

Syèl la se pou Seyè a li ye. Li bay moun latè pou yo.

¶ Lwanj pou Seyè a! Lwanj pou Bondye nan tanp ki apa pou li a! Lwanj pou Bondye nan syèl la kote pouvwa li parèt aklè!

Nou menm, moun pèp Izrayèl yo, n'a di moun lòt nasyon yo konsa: Tout bondye sa yo ki pa t' fè syèl la ak latè a pral disparèt sou latè, yo yonn p'ap rete anba syèl la.

¶ Bondye ap peni yo tou paske tou sa yo ka konnen sou Bondye parèt byen klè devan je yo. Se Bondye menm ki fè sa konsa pou yo.