Koulye a, monwa, tanpri koute sa m'ap di ou. Si se Seyè a ki moute tèt ou kont mwen, al fè yon ofrann ba li pou li ka chanje lide l'. Men, si se moun k'ap fè ou fè sa, se pou madichon Seyè a tonbe sou yo! Koulye a, yo mete m' deyò nan peyi a pou m' pèdi pòsyon pa m' nan tè Seyè a te bay pèp li a, yo voye m' al sèvi lòt bondye.
TSK
TSK · Psalms 20:4
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
Wa Salomon te bay larenn peyi Saba a tou sa li te mande l', san konte kado li te ba li pou koresponn ak sa larenn lan te pote ba li. Apre sa, larenn lan tounen tounen l' nan peyi Saba ansanm ak tout moun ki te avè l' yo.
Si se nan Seyè a ou pran tout plezi ou, l'a ba ou tou sa ou ta renmen.
¶ Lè moun k'ap mache dwat yo jwenn sa yo te vle a, se kontantman pou tout moun. Men, lè se mechan yo ki jwenn sa yo t'ap tann lan, sa pa fè pesonn plezi.
Mwen menm, mwen konnen ou toujou tande m', men se poutèt moun sa yo ki bò kote m' lan m'ap di ou sa, pou yo sa kwè se ou menm ki voye mwen.
Bondye menm ki konnen sa ki nan kè tout moun, li konnen kisa Lespri li a vle mande, paske sa Bondye vle a se sa Lespri li a ap mande pou tout moun k'ap viv pou Bondye.