Seyè a ap kraze tout lènmi l' yo. L'ap rete nan syèl la, l'ap voye loraj tonbe sou yo. Seyè a gen pou jije dènye moun ki sou latè. L'a bay wa li a pouvwa, l'ap chita pouvwa moun li te chwazi pou wa a.
TSK
TSK · Psalms 20:7
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
David pran mil sètsan kavalye nan lame wa Adadezè a, li fè yo prizonye ansanm ak venmil sòlda ki t'ap mache apye. Lè li fin wete kont chwal pou san cha lagè, li fè koupe jarèt tout rès chwal yo.
Men nou menm, se Seyè a ki Bondye nou. Nou pa janm vire do ba li. Prèt k'ap sèvi devan Seyè a se fanmi Arawon yo ye. Moun ki reskonsab sèvis yo se moun Levi yo ye.
Asa lapriyè Seyè a, Bondye li a, li di l' konsa: -Bondye sèl Mèt, kit w'ap ede yon gwo, kit w'ap ede yon piti, pou ou se menm bagay la. Tanpri, vin ede nou koulye a, Seyè, Bondye nou an, paske se sou ou nou konte. Se nan non ou nou vin goumen ak bann moun sa yo. Seyè, se ou menm ki Bondye nou. Fè wè pesonn pa ka kenbe tèt avè ou!
Li menm, li konte sou fòs sòlda li yo. Nou menm, nou gen Seyè a, Bondye sèl Mèt la, pou ede nou, pou goumen pou nou. Lè pèp la tande pawòl sa yo soti nan bouch Ezekyas, wa peyi Jida a, yo tout pran kouraj.
Se Seyè a ki tout fòs pèp li a. L'ap defann wa li chwazi a, l'ap delivre l'.
Mwen vle chante pou yo pa janm bliye ou, konsa moun lòt peyi yo va fè lwanj ou tout tan tout tan.
Men nou te pito di: Ann moute chwal nou kouri ale. Enben, ale! Ale non! Sove kò nou! Nou te pito di: n'a moute sou chwal ki konn kouri. Men tou, sa k'ap kouri dèyè nou yo pral kouri pi vit pase nou!
¶ Men sa Seyè a di ankò: -Madichon pou moun ki vire do ban mwen pou mete konfyans yo nan moun parèy yo, pou konte sou sa moun ap fè pou yo.