Se sou ou mwen konte depi m' fèt. Se ou ki fè m' soti nan vant manman m'. Se tout tan m'ap fè lwanj ou.
TSK
TSK · Psalms 22:9
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
Psalms 71:6
TSK
Psalms 139:15
TSK
Ou te konnen tout zo nan kò m', depi lè m' t'ap fòme kote moun pa t' ka wè a, depi lè ou t'ap travay mwen ak ladrès nan fon tè a.
Isaiah 9:6
TSK
Nou gen yon ti pitit ki fenk fèt. Bondye ban nou yon gason. Se li menm ki pral chèf nou. Y'a rele l': Bon konseye k'ap fè bèl bagay la, Bondye ki gen tout pouvwa a, Papa ki la pou tout tan an, Wa k'ap bay kè poze a!
Matthew 2:13
TSK
¶ Lè nèg save yo fin ale, yon zanj Bondye parèt devan Jozèf nan dòmi. Zanj lan di l' konsa: Leve non, pran ti pitit la ansanm ak manman l'. Sove ale nan peyi Lejip. Wa rete la jouk lè m'a di ou pou ou tounen. Paske, Ewòd pral chache touye ti pitit la.