TSK

TSK · Psalms 30:1

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Apre sa, chèf yo va pale ak sòlda yo. Y'a di yo: -Eske gen yon moun la a ki fèk fin bati yon kay, men ki poko fè sèvis pou mete kay la apa pou Bondye? Si gen yon moun konsa, pito l' al fè wout li lakay li, paske li ka mouri nan goumen an, epi se yon lòt moun ki va fè sèvis pou mete kay la apa pou Bondye.

¶ Apre sa, David al lakay li pou l' beni fanmi pa l' tou. Men, Mikal, pitit fi Sayil la, soti vin kontre li. Epi li di l' konsa: -Ala yon bèl bagay wa pèp Izrayèl la fè pou tèt li jòdi a! Tou sa yon vakabon ta fè. Li wete rad sou li devan tout sèvant moun k'ap sèvi avè l' yo!

Lè David rive nan palè li lavil Jerizalèm, li pran dis fanm kay li te kite pou okipe palè a, li fèmen yo nan yon kay apa ak moun pou siveye yo. Li ba yo tou sa yo bezwen, men li pa janm kouche ak yo yonn ankò. Yo rete fèmen la tout rès lavi yo, tankou fanm ki pèdi mari yo.

Salomon te ofri venndemil towo ak sanvenmil mouton pou mande Bondye padon. Se konsa wa a ansanm ak tout moun pèp Izrayèl yo te mete Tanp lan apa pou Seyè a.

Konsa, moun k'ap pèsekite m' yo p'ap ka di: Nou fini avè l'! Yo p'ap gen chans wè m' tonbe pou yo kontan!

Se konsa m'ap genyen batay la sou tout lènmi k'ap sènen m' yo. M'a bat tanbou, m'a ofri bèt pou touye bay Bondye nan tanp li a. M'a chante, m'a fè lwanj Seyè a.

Mete tèt nou ansanm avè m' pou fè konnen jan Seyè a gen pouvwa. Ann fè lwanj li ansanm!

Ou pa nan patipri, Seyè. Fè m' jistis. Pa kite lènmi m' yo fè fèt sou tèt mwen.

Mwen rele nan pye l', mwen te deja pare pou m' te fè lwanj li.

Poukisa moun lòt nasyon yo ap mande nou: -Kote Bondye nou an! Fè yo wè, devan je nou, jan w'ap pini moun ki te fè san sèvitè ou yo koule!

¶ Seyè, pa kite mechan yo fè sa yo gen lide fè a! Pa kite sa yo vle fè a rive!

Tout moun sou granchemen an ap rele chalbari dèyè ou. Y'ap lonje dwèt sou ou, y'ap pase lavil Jerizalèm nan rizib. Y'ap ri, y'ap di: -Men lavil yo t'ap di pa gen pi bèl pase l' la wi! Se lavil sa a wi ki te fè kè tout moun bat pou li a!