Proverbs 3:33
TSK
Madichon Bondye chita lakay mechan yo. Men, benediksyon l' ap kouvri kay moun ki mache dwat yo.
TSK
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
Madichon Bondye chita lakay mechan yo. Men, benediksyon l' ap kouvri kay moun ki mache dwat yo.
¶ Pito ou pa gen anpil byen men ou gen krentif pou Bondye pase pou ou rich epi pou ou nan tèt chaje.
Si mwen gen twòp, m'a vire do ba ou, m'a di mwen pa konnen ki moun ou ye. Si mwen pa gen ase, m'a vòlò, m'a fè yo pase ou nan betiz.
Men, pito ou pran ti repo ou tanzantan ak kè poze pase pou ou touye tèt ou ap travay di, lèfini pou sa pa rapòte anyen.
¶ Nan yon sans se vre. Sèvis Bondye a se yon gwo richès pou yon moun si l' kontan ak sa li genyen an.