Psalms 22:12
TSK
Lènmi m' yo anpil, yo sènen m' toupatou. Yo tankou gwo towo bèf peyi Bazan. Kote m' vire yo la.
TSK
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
Lènmi m' yo anpil, yo sènen m' toupatou. Yo tankou gwo towo bèf peyi Bazan. Kote m' vire yo la.
Seyè, tanpri, delivre m' non! Prese vin pote m' sekou, Seyè.
Se li menm ase k'ap pwoteje m', k'ap delivre m'. Se li ki tout defans mwen. Li p'ap janm kite anyen rive m'.
¶ Pou chèf sanba yo. Se yon sòm David. Pou Bondye pa bliye nou. Delivre m' non, Bondye! Prese vin pote m' sekou, Seyè!
Bondye, pa rete lwen mwen. Bondye mwen, prese vin pote m' sekou.
Se Bondye ki delivre m'! Mwen gen konfyans nan li. Kè m' pa kase ankò! Se Seyè a ki tout fòs mwen. Se pou li m'ap chante. Se li menm ki delivre m'!