Lèfini, Jozye di yo konsa: -Jòdi a, nou pral konnen Seyè a, Bondye vivan an, nan mitan nou vre. Li pral chase devan nou moun Kanaran yo, moun Et yo, moun Evi yo, moun Ferezi yo, moun Gigach yo, moun Amori yo, moun Jebis yo.
TSK
TSK · Psalms 42:2
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
Mwen mande Seyè a yon bagay, yon bagay mwen anvi anpil anpil: Se pou m' ta pase tout lavi m' nan kay Seyè a, pou m' ka gade bèl bagay li yo byen, pou m' ka pran tan m' pou m' kalkile nan kay ki apa pou li a.
Lè sa a, m'a tounen vin bò lotèl Bondye a, Bondye ki fè kè m' kontan an, Bondye k'ap fè m' fè fèt la. M'a jwe enstriman mizik pou Bondye, pou Bondye pa m' lan.
¶ renmen ou gen pou nou an pi bon pase lavi. Se poutèt sa m'ap fè lwanj ou.
Ala bon sa bon pou moun k'ap viv lakay ou yo! Yo toujou ap fè lwanj ou.
Yon jou pase anndan lakay ou pi bon pase mil jou pase nenpòt lòt kote. Mwen ta pito rete kanpe nan papòt kay Bondye a pase pou m' ta rete anndan kay mechan yo.
Paske pèp mwen an fè de kalite peche: Yo vire do ban mwen, mwen menm sous dlo fre a. Y' ale fè rezèvwa pou dlo. Rezèvwa yo tou fann, yo pa ka kenbe dlo.
Men lòd mwen bay pou tout peyi ki sou zòd mwen: Se pou tout moun gen krentif pou Bondye Danyèl la. Se pou yo respekte l'. Se yon Bondye vivan li ye! Se li menm ki chèf pou tout tan! Gouvènman li p'ap janm tonbe. Pouvwa li p'ap janm fini.
¶ Dènye jou fèt la, se li ki te pi enpòtan. Jou sa a, Jezi kanpe devan foul moun yo, li di yo byen fò: Si yon moun swaf dlo, li mèt vin jwenn mwen, li mèt vin bwè.
¶ Apre sa, zanj lan moutre m' yon gwo larivyè dlo ki t'ap koule soti anba fòtèy kote Bondye ak ti Mouton an te chita a. Se dlo sa a ki bay lavi.