TSK

TSK · Psalms 45:13

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Salomon te gen katrevenmil moun ap taye wòch nan min wòch, ak swasanndimil moun pou pote yo lavil Jerizalèm,

¶ Ala bèl pye ou bèl nan sapat ou yo, nègès mwen! Ren ou tankou si li te dekore ak bon lò. Ou ta di travay yon bòs ki gen anpil ladrès ak gou!

Konsa tou, se pou limyè nou klere devan tout moun, pou lè yo wè tout byen n'ap fè yo, y'a fè lwanj Papa nou ki nan syèl la.

Bann egare! Bondye ki fè deyò a, se li menm ki fè anndan an tou.

Se lè moun mete konfyans yo nan Jezikri Bondye fè yo gras. Li fè l' pou tout moun ki kwè nan Kris la, paske yo tout se menm.

Si yon moun ap viv nan Kris la, li vin yon lòt moun. Bagay lontan yo disparèt, se lòt bagay nèf ki pran plas yo koulye a.

Nou pa bezwen fè kò nou bèl ak bagay moun ka wè, tankou lè n'ap fè anpil kwafi estraòdenè, lè n'ap mete kantite bijou an lò ak kantite rad ki koute chè sou nou.

Ann fè kè nou kontan! Ann kontan anpil! Ann chante pou li! Paske, lè a rive koulye a pou fete mariaj ti Mouton an. Lamarye a pare.