Si yon moun, apre li fin tande sa ki di nan kontra a ak tout egzijans ki ladan l' yo, mete nan tèt li se bon li bon, epi li di nan kè l': Koulye a, mwen pa bezwen pè anyen. Mwen gen dwa fè sa m' pi pito, sa ap lakòz nou tout ap mouri, inonsan kou koupab.
TSK
TSK · Psalms 49:18
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
Wa a pase lòd pou tout anplwaye gouvènman li mete ajenou, bese tèt yo jouk atè devan Aman pou montre jan yo respekte l'. Tout anplwaye yo te fè sa vre esepte Madoche ki te derefize fè bagay konsa.
Mechan an ap vante tèt li pou move lanvi li gen nan kè l'. Lanbisyon fè l' pale mal, li vire do bay Bondye.
Y'ap plede di: Nou fin rich. Nou fè yon bèl kòb. Men, nou travay di tou. Pesonn pa ka di nou te fè ankenn bagay mal pou n' gen tout lajan sa a!
¶ Ewòd te fache anpil sou moun lavil Tir ak moun lavil Sidon yo. Sa moun sa yo fè, yo mete ansanm pou yo vin kote li. Yo pran tèt Blastis, yon ofisye ki t'ap travay lakay wa a. Epi y' al mande Ewòd pou l' fè lapè ak yo, paske se nan peyi Ewòd la moun lakay yo te konn ale fè pwovizyon.