¶ Twa jou apre, mesye yo t'ap soufri ak sikonsizyon an toujou lè de nan pitit gason Jakòb yo, Simeyon ak Levi, frè menm manman ak Dena yo, pran nepe yo, yo antre nan lavil la san pesonn pa sispèk anyen, yo touye tout gason yo.
TSK
TSK · Psalms 5:6
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
¶ Nan lavil Gilgal te gen yon nonm yo te rele Cheba, pitit Bikri, nan branch fanmi Benjamen an. Se te yon vakabon. Li manche twonpèt li, li rele pèp la, epi li di yo byen fò: -Nou pa gen anyen pou nou wè ak David! Nou pa bezwen anyen nan zafè pitit Izayi a! Ann al lakay nou, nou menm moun peyi Izrayèl yo!
Kit yo bon, kit yo mechan, Bondye ap gade sa y'ap fè. li pa vle wè moun k'ap fè mechanste.
¶ Fè m' jistis, Bondye. Defann kòz mwen kont moun sa yo ki pa konnen ou. Delivre m' anba moun sa yo k'ap bay manti, k'ap fè mechanste.
Seyè a ap met deyò, li pral pini mezi moun sou latè ki fè krim. Yo pral devwale tout krim yo te fè an kachèt. Yo pral dekouvri kadav tout moun yo te touye.
Men, pou moun ki lach yo, moun ki pa kenbe pawòl yo, ansasen yo, bann moun deprave yo, moun k'ap fè maji yo, moun k'ap adore zidòl ansanm ak moun k'ap bay manti, plas yo se nan letan dife ak souf k'ap boule a yo ye. Se sa yo rele dezyèm lanmò a.