Psalms 17:1
TSK
¶ Se yon lapriyè David. Seyè, koute kòz mwen lè m' gen rezon! Pran ka m', lè m'ap rele nan pye ou! Koute m' non, lè m'ap lapriyè ou, paske mwen p'ap bay manti.
TSK
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
¶ Se yon lapriyè David. Seyè, koute kòz mwen lè m' gen rezon! Pran ka m', lè m'ap rele nan pye ou! Koute m' non, lè m'ap lapriyè ou, paske mwen p'ap bay manti.
Mwen kagou, ren m' kase nèt. Tout lajounen m'ap mache tèt bese, dlo nan je.
¶ Pou chèf sanba yo. Se yon sòm David. Bondye, tande non lè m'ap plenn! Pwoteje m' kont lènmi m' k'ap fè m' pè yo.
Mwen chonje Bondye, m'ap plenn! M'ap kalkile, mwen santi m' dekouraje!
M'ap plenn tou piti tankou ranmye. M'ap plenyen tankou yon toutrèl. Je m' bouke tank m'ap gade syèl la. Seyè, mwen pa kapab ankò! Vin fè kichòy pou mwen non!
Ou tande vwa m'. Tanpri, pa bouche zòrèy ou lè m'ap lapriyè nan pye ou.