Matitya, Elifeleou, Mikneja, Obèd-Edon, Jeyèl ak Azazya t'ap jwe gita bas. Se yo ki pou te bay kadans chante yo.
TSK
TSK · Psalms 6:1
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
¶ Pou chèf sanba yo. Se sou enstriman akòd pou yo jwe mizik la. Se yon sòm David. Lè m' rele ou, reponn mwen non, Bondye, ou menm k'ap fè m' jistis! Lè m' te nan tèt chaje, ou te vin ede m'. Gen pitye pou mwen. Koute lapriyè mwen.
¶ Se yon sòm David. Pou Bondye pa bliye nou. Seyè, pa pini m' lè ou fache! Pa kale m' lè ou an kòlè!
Menm jan nan tan Noe, mwen te pwomèt mwen p'ap janm kite gwo inondasyon rive ankò sou latè. Konsa tou, mwen pwomèt koulye a m' p'ap janm fache sou nou ankò. Mwen p'ap rele dèyè nou, mwen p'ap pini nou ankò.
Korije pèp ou a, Seyè. Men, pa peze l' twòp! Pa fè kòlè sou li, paske w'a fini avè l'.
Si nou te egzaminen tèt nou byen anvan, nou pa ta tonbe anba jijman Bondye a.