TSK

TSK · Psalms 64:6

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Lè li tande m' rele a, msye kouri, li met deyò, li kite rad li la bò kote m'.

¶ Epi li di: -Poukisa w'ap koute moun k'ap di ou m'ap chache fè malè sou ou?

Ou pa janm ka kwè moun sa yo. Se dèyè yon sèl bagay yo ye: yo vle fini ak tout moun. Anndan bouch yo, ou ta di yon kavo ki louvri, lang yo menm dous konsa pou flate moun.

¶ Gen moun k'ap kanpe bay manti sou mwen. Yo di mwen fè yon pakèt bagay mwen pa janm konnen mwen fè.

¶ Lide yon nonm gen nan tèt li, se tankou dlo nan yon pi byen fon. Men, yon moun lespri ka rale yo mete deyò.

Pa gen anyen ki ka twonpe moun pase sa ki nan kè lòt moun. Pa gen renmèd pou sa. Ki moun ki ka rive konprann sa k'ap pase nan kè lèzòm?

Chèf prèt yo ak tout manm Gran Konsèy jwif yo t'ap chache yon manti pou yo te fè sou Jezi, pou yo te ka kondannen l' amò.

John 19:7 TSK

Jwif yo reponn li: Nou gen yon lwa. Dapre lwa sa a, li gen pou l' mouri paske li fè tèt li pase pou Pitit Bondye.