¶ Sou twazyèm jou a vre, nan granmaten, loraj t'ap gwonde sou mòn lan. Te gen zèklè ak yon gwo nwaj byen pwès sou mòn lan tou. Yon twonpèt t'ap kònen byen fò. Tout moun t'ap tranble kou fèy bwa kote yo te ye a, sitèlman yo te pè.
TSK
TSK · Psalms 68:8
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
¶ Men, lè pèp la tande bri vwa ki t'ap soti nan nwaj nwa a, lè yo wè mòn lan ki t'ap pran dife, yo vin jwenn mwen ansanm ak tout chèf branch fanmi yo ak tout chèf fanmi yo.
Seyè! Lè ou te kite mòn Seyi yo, lè ou te soti nan zòn peyi Edon an, latè te pran tranble, lapli tonbe anpil sot nan syèl la. Wi, nwaj yo pran lage dlo.
Bondye chita kote ki apa pou li a, li fè tout moun respekte l'. Bondye pèp Izrayèl la bay pèp li a fòs ak kouraj. Di Bondye mèsi!
Ou menm latè, tranble devan Seyè a, devan Bondye Jakòb la.
¶ Si ou te ka chire syèl la desann! Mòn yo ta annik wè ou, yo ta pran tranble.
Ou soti pou delivre pèp ou a, pou sove wa ou chwazi a. Ou kraze chèf mechan yo. Ou detwi tout moun li yo nèt.
Lè sa a, pòt tanp Bondye nan sièl la louvri byen gran. Yo te ka wè bwat ki te gen kontra Bondye a anndan tanp lan. Zèklè pran klere, kout loraj pran gwonde, moun tande tout kalite bri. Tè a tranble, lagrèl t'ap tonbe an kantite.