Se pou lanmè a ansanm ak tou sa ki ladan l' pran fè bri sitèlman yo kontan. Se pou jaden yo ak tou sa ki ladan yo fè fèt.
TSK
TSK · Psalms 69:35
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
O Bondye, fe anpil byen pou mòn Siyon, paske ou gen bon kè. Rebati miray lavil Jerizalèm yo.
Seyè a va rebati lavil Siyon, l'a fè wè jan li gen pouvwa.
M'a fè lwanj Seyè a ak bouch mwen. Se pou tout moun fè lwanj Bondye ki yon Bondye apa. Se pou yo fè l' tout tan tout tan.
Se pou yo fè lwanj li anwo nèt nan syèl la. Se pou tout dlo ki pi wo pase syèl la fè lwanj li.
Ou menm syèl la, chante byen fò! Se pou tout kote ki byen fon anba tè a fè fèt! Se pou mòn yo rele tank yo kontan! Se pou rakbwa yo ansanm ak tout pyebwa ki ladan yo danse fè fèt. Paske Seyè a delivre fanmi Jakòb la, li fè moun Izrayèl yo wè pouvwa li.
M'ap fè jou delivrans nou an pwoche. Li pa lwen rive. Mwen p'ap mize vin delivre nou. Mwen pral delivre mòn Siyon. Mwen pral fè pèp Izrayèl la wè pouvwa mwen.
Konsa tout moun va di: Gade peyi ki te ravaje a non! Koulye a, li tounen yon bèl jaden tankou jaden Edenn lan. Gade jan lavil ki te fin kraze, piye, demoli yo tounen bèl lavil ak gwo ranpa plen moun non!
¶ Apre sa mwen gade, mwen wè ti Mouton an kanpe sou mòn Siyon an. Li te gen sankarannkatmil moun avèk li. Yo tout te gen non l' ansanm ak non Papa a ekri sou fwon yo.