TSK

TSK · Psalms 7:17

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Bondye te fè moun lavil Sichèm yo soufri pou mechanste yo te fè lòt moun soufri. Se konsa, madichon Jotam, pitit gason Jewoubaal la, te wè pou yo a rive yo vre.

Seyè a pral pini Joab pou krim sa yo li te fè san David, papa m', pa t' konnen. Joab te touye de moun inonsan ki te pi bon pase l': Abnè, pitit pitit gason Nè a, kòmandan lame peyi Izrayèl la ak Amasa, pitit gason Jetè a, kòmandan lame peyi Jida a.

Se ou menm k'ap fè m' chante, se ou menm k'ap fè kè m' kontan. Bondye ki anwo nan syèl la, m'a chante lwanj ou.

¶ Pa kite yo tire revanj sou mwen, Bondye, se ou k'ap sove lavi m'. N'a fè konnen jan ou gen bon kè.

¶ Sòm sa a se yon chante espesyal pou jou repo a. Sa bon nèt pou nou di Seyè a mèsi, pou nou chante pou ou, Bondye ki anwo nan syèl la.

Seyè a te fè wè jan l' delivre nou. Li te fè nasyon yo konnen jan li fè lèzòm gras.

Se pou Bondye grennen chabon dife sou yo tankou lapli. Se pou l' fè yo tonbe nan gwo twou byen fon kote yo p'ap janm ka leve sòti.

Se desizyon sa a zanj gadyen yo pran. Se jijman sa a zanj Bondye yo bay. Se pou tout moun sou latè konnen Bondye ki nan syèl la gen pouvwa sou tout chèf. Li bay moun li vle pouvwa pou yo gouvènen. Li pran moun ki pi ba a, li fè l' moute!

¶ Wa a di ankò: -Apre sètan sa yo, mwen menm Nèbikadneza, mwen leve je m' mwen gade syèl la. Bonnanj mwen vin sou mwen. Mwen di Bondye nan syèl la mèsi, mwen fè lwanj Bondye k'ap viv pou tout tan tout tan an, mwen rekonèt jan li gen pouvwa. L'ap donminen pou tout tan. Gouvènman li ap la jouk sa kaba.