Seyè, nan tout bondye yo, kilès ki tankou ou! Pouvwa ou fè yo respekte ou! Ou se Bondye ki apa nèt! Kilès ki tankou ou? Ou menm ki fè mirak, ou menm ki fè mèvèy pou fè moun pè! Kilès ki tankou ou?
TSK
TSK · Psalms 72:18
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
Apre sa David pale ankò ak tout pèp la ki te reyini, li di yo: -Annou fè lwanj pou Seyè a, Bondye nou an! Tout pèp la nèt pran fè lwanj Seyè a, Bondye zansèt yo. Yo mete jenou yo atè, yo bese tèt yo byen ba devan Seyè a ak devan wa a.
Se li menm ki fè yon bann bèl bagay nou pa ka fin konprann, yon dal mèvèy nou pa ka fin konte.
Bondye chita kote ki apa pou li a, li fè tout moun respekte l'. Bondye pèp Izrayèl la bay pèp li a fòs ak kouraj. Di Bondye mèsi!
Avèk fòs ponyèt ou ou te delivre pèp ou a, pitit pitit Jakòb yo ak pitit pitit Jozèf yo.
¶ Se yon sòm. Chante yon chante tou nèf pou Seyè a, paske li pa manke fè bèl bagay. Pouvwa li avèk fòs ponyèt li se bagay apa, se ak yo li te genyen batay la.
Se li menm sèl ki fè gwo mèvèy. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!