TSK

TSK · Psalms 74:22

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Panche zòrèy ou non, Seyè, pou ou tande. Louvri je ou pou ou wè. Koute pawòl Senakerib voye di m', pawòl ki manke Bondye vivan an dega!

Leve non, Seyè, vin pran defans mwen! Leve non, Bondye mwen, vin plede kòz mwen!

¶ Seyè, pa bliye jan lènmi ou yo ap pase ou nan rizib. Se yon bann moun san konprann ki pa gen respè pou non ou!

O Bondye, ou menm ki delivrans nou, fè konnen se ou ki gen pouvwa! vin pote nou sekou. Delivre nou, padonnen peche nou yo pou moun ka fè lwanj ou.

Koulye a, sa pou m' fè la a? Se Seyè a menm k'ap di sa. Yo pran pèp mwen an, yo depòte yo pou anyen. Moun k'ap kraze yo a ap pale fò, y'ap fè grandizè. Se Seyè a menm ki di sa. Epi tout lajounen, san rete y'ap trennen non m' nan labou.