TSK

TSK · Psalms 76:1

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Eske te janm gen yon bondye ki te penmèt li al chache yon pèp nan mitan yon lòt pèp pou fè li tounen pèp pa li, yon bondye ki te janm fè tout mirak ak tout bèl bagay sa yo, yon bondye ki te janm goumen tout goumen sa yo ak fòs ponyèt li, ak gwo kouraj li epi ki te fè anpil bagay pou fè moun tranble jan Seyè a, Bondye nou an, te fè l' pou nou devan je nou nan peyi Lejip la?

Men, se pou tanp mwen pral bati a gwo anpil, paske Bondye nou an gen plis pouvwa pase tout lòt bondye yo.

¶ Chante sa a, se yon sòm pitit Kore yo. Seyè a gen gwo pouvwa! Li merite pou yo fè lwanj li nan lavil Bondye nou an, sou mòn ki apa pou li a.

¶ Pou chèf sanba yo. Se yon chante David te ekri lè moun peyi Zif yo te al di Sayil men David kache lakay yo. Bondye, delivre m' non avèk pouvwa ou! Fè m' jistis avèk fòs kouraj ou!

¶ Pou chèf sanba yo. Se sou enstriman akòd pou yo jwe mizik la. Sòm sa a se yon chante. Tanpri, Bondye, gen pitye pou nou! Voye benediksyon ou sou nou! Fè nou santi ou la avèk nou,

Li fè pitit Jakòb yo konnen pawòl li. li fè pèp Izrayèl la konnen lòd li yo ak sa li deside.

Koulye a, men lòd mwen bay pou tout pèp, moun tout peyi ak moun tout ras ki pale lòt lang yo: si yonn nan nou pale Bondye Chadrak, Mechak ak Abèdnego a mal, se pou yo depatcha l'. Lèfini, se pou yo kraze kay li nèt mete atè. Paske pa gen lòt bondye ki ka delivre moun konsa.

Mwen di nou sa, paske, antan m'ap pwonmennen nan lavil nou an, mwen wè tout kote nou fè sèvis. Epi nan gade konsa, mwen jwenn yon lotèl kote yo ekri: Pou Bondye nou pa konnen an. Enben, Bondye n'ap sèvi san nou pa konnen l' lan, se li menm m'ap fè nou konnen la a.