TSK

TSK · Psalms 78:1

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Nou menm wa yo, koute sa m'ap di! Nou menm gwo chèf yo, louvri zòrèy nou! Mwen pral chante pou Seyè a! Mwen pral fè lwanj Sengè a, Bondye pèp Izrayèl la!

¶ Pou chèf sanba yo. Se yon sòm pitit Kore yo. Nou tout, koute sa byen. Louvri zòrèy nou, nou menm k'ap viv toupatou sou latè,

¶ Koute, pèp Izrayèl, pèp mwen! Mwen pral pale avè ou! Mwen pral mete tout bagay aklè avè ou! Se mwen menm ki Bondye, se mwen menm ki Bondye ou.

¶ Se yon chante Asaf. Bondye, poukisa ou lage nou nèt konsa? Poukisa ou an kolè konsa sou moun pa ou yo, sou mouton ki nan savann ou yo?

¶ Louvri zòrèy ou, koute pawòl moun ki gen bon konprann yo. Chache konprann sa m'ap moutre ou la a.

Louvri zòrèy nou. Vin jwenn mwen. Koute byen sa m'ap di nou, n'a jwenn lavi. M'ap siyen yon kontra ak nou pou tout tan. M'a ban nou benediksyon mwen te pwomèt David yo.