TSK

TSK · Psalms 78:3

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Konsa tou, n'a rakonte pitit nou yo ak pitit pitit nou yo sa mwen te fè moun peyi Lejip yo pase ak kalite mèvèy mwen te fè nan mitan yo. Lè sa a nou tout n'a konnen se mwen menm menm ki Seyè a.

Jou sa a, men sa n'a di pitit gason nou yo: Nou fè tou sa pou Seyè a, lè nou chonje tou sa li te fè pou nou lè nou soti kite Lejip la.

Job 13:1 TSK

¶ Wi, mwen wè tou sa ak de je m'. Mwen tande tou sa ak de zòrèy mwen epi mwen konprann.

¶ Sa nou te konn tande moun di a, koulye a nou wè l' ak je nou nan lavil Bondye nou an, nan lavil Seyè ki gen tout pouvwa a. Bondye ap toujou pwoteje lavil la.

Se moun ki vivan ase ki ka fè lwanj ou tankou mwen menm jòdi a. Granmoun va fè pitit yo konnen jan ou toujou kenbe pawòl!