TSK

TSK · Psalms 78:41

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

okenn nan moun sa yo p'ap rive viv lontan ase pou yo antre nan peyi a. Yo te wè pouvwa mwen, yo te wè tout bèl bagay mwen te fè nan peyi Lejip ak nan dezè a. Men anpil fwa deja, yo chache wè jouk ki bò mwen ye ak yo, yo pa janm vle koute m' lè m' pale ak yo.

Ki moun ou konprann ou derespekte, ou joure konsa? Sou ki moun ou pale fò konsa? Ki moun w'ap klere je ou gade konsa? Se sou Bondye pèp Izrayèl la ki yon Bondye apa.

Paske, Seyè a se pwoteksyon nou, se ou menm, Bondye Izrayèl la, ki wa nou.

Mark 5:35 TSK

¶ Jezi t'ap pale toujou lè kèk mesaje soti kay chèf sinagòg la vin di li: -Pitit fi ou la mouri. Ou pa bezwen deranje Mèt la plis pase sa.

pa kenbe tèt ak li, menm jan zansèt nou yo te fè l', lè yo te chache kont ak Bondye a, tankou lè, nan dezè a, yo te vle wè jouk ki bò Bondye ye ak yo.