TSK

TSK · Psalms 78:53

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

¶ Seyè a di Moyiz: -Poukisa w'ap rele konsa nan zòrèy mwen? Di moun pèp Izrayèl yo pou yo leve mache.

Se konsa, lè jou pral kase, Moyiz lonje men l' sou lanmè a, dlo a tounen nan plas li. Lè moun peyi Lejip yo wè dlo a ap vini sou yo, yo t'ap chache sove poul yo. Yo pran kouri. Men, Seyè a voye yo jete nan lanmè a.

Ou annik fè yon ti van leve, lanmè a kouvri yo. Lanmè a te move, yo desann nan fon tankou plon.

Dlo a neye tout lènmi yo. Pa gen yonn ki chape.

Se paske pitit Izrayèl yo te gen konfyans nan Bondye kifè yo te kapab pase nan mitan lanmè Wouj la tankou si yo t'ap mache sou tè sèk. Men, lè moun peyi Lejip yo vin seye fè menm bagay tou, lanmè a kouvri yo.